MAJ PRODUCTION — CHALLENGE

Fòmasyon, Transfòmasyon & Inovasyon

MAJ PRODUCTION lanse yon gwo challenge nasyonal ki vize fè plis moun dekouvri antrepriz la atravè kreyativite, talan ak inovasyon. Challenge lan ap kouvri 10 depatman Ayiti yo epi l ap mete plizyè enfliyansè an konpetisyon pou fè kominote a dekouvri nouvo talan.

10 Depatman Plizyè enfliyansè 3 Gayan

MEN KIJAN CHALLENGE LAN AP FONKSYONE

01

Premye etap — TikTok

Tout videyo patisipan yo ap resevwa epi pibliye sou TikTok. Apre premye seleksyon an, n ap konsève sèlman 20 videyo ki jwenn pi bon rezilta selon kantite views, likes, abonné ak pataj.

02

Dezyèm etap — Facebook

20 patisipan ki kalifye yo ap kontinye sou Facebook. Nan etap sa a, n ap elimine 5 patisipan ki gen pi ba pèfòmans selon likes, pataj, kòd promo ak kantite abonnés.

03

Twazyèm etap — Instagram

15 patisipan ki rete yo ap kontinye sou Instagram. N ap elimine 12 patisipan ki gen pi ba rezilta selon likes, views, abonnés ak kantite kòd promo ki itilize.

04

Gran final — 3 dènye yo

3 patisipan ki rive nan final la ap antre nan dènye batay la pou detèmine 1ye, 2yèm ak 3yèm plas. Se yo menm k ap resevwa gwo pri MAJ PRODUCTION yo.

1YE PLAS 150,000 Goud
2YÈM PLAS 50,000 Goud
3YÈM PLAS 25,000 Goud

EGZIJANS POU PATISIPE

01

Videyo a dwe gen yon kalite ki akseptab, ak yon imaj ak son ki pèmèt piblik la apresye kontni an.

02

Ou dwe gen omwen 1000 moun k ap swiv ou sou rezo yo, Kontni ak ideyoloji videyo a dwe respekte prensip, valè ak imaj MAJ PRODUCTION.

03

Videyo a pa dwe depase 1 minit 30 segond, adrès chak sikisal Maj yo dwe mansyone, videyo a dwe sou paj ou tou, logo oubyen yon konsepsyon Maj dwe sou pwofil paj wap poste yo pandan tout challenge lan.

04

Patisipan an dwe respekte tout direktiv ofisyèl challenge lan pandan tout etap konpetisyon an.

TÈM OFISYÈL CHALLENGE LAN
Fòmasyon · Transfòmasyon · Inovasyon

Montre nou kijan talan ou, vizyon ou ak kreyativite ou kapab pote yon chanjman pozitif nan sosyete a. NB: Maj vann reyaktif chimik, anbalaj oubyen resipyan epil fòme jèn nan domèn lan tou.

WA

OU VLE PATISIPE?

Pou voye videyo ou oswa ekri nou pou mande logo MAJ PRODUCTION lan, kontakte nou sou WhatsApp:

NAN BOUTON KI PI BA A

Gade nan imaj ki anba yo pou plis detay sou kondisyon ak pwosedi challenge lan.

0